Yon pastè mouri pandan l t ap eseye fè 40 jou jèn san manje tankou Jezi

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
yon pastè mouri pandan l t ap eseye fè 40 jou jèn san manje tankou jezi

Aksyon sila pase nan peyi Mozanbik. Yon pastè 39 lane mouri aprè l te fin eseye fè 40 jou jèn san manje ak bwè nan lide pou te kopye Jezikris ki te fè sa daprè sa labib fè konnen.

Francisco Barajah, se non pastè legliz sila ki rann dènye souf li pandan yon jèn 40 jou san manje ak bwè. Malerezman li pa gentan rive akonpli volonte l, li mouri sou 25 jou.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Plizyè medya entènasyonal rapòte nonm nan te tèlman vin mèg tankou tako li pa t menm ka kanpe sou 2 pye l. Yo te transfere l nan yon lopital nan vil Beira, peyi Mozanbik, kote yo dyagnostike l yon anemi egi, mete sou ògàn dijestif li yo te gentan bay vag.

Medsen ki te sou li yo te eseye mete dlo nan kò l  gras ak sewòm, epi ba li manje likid, malerezman li pa chape. Pastè Barajah mouri ak 39 lane sou kabann lopital nan eseye fè 40 jou jèn san manje ak bwè menm jan ak Jezi.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.