Plis pase 400 migran, pami yo yon gwoup ayisyen bloke sou fwontyè Gwatemala 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
plis pase 400 migran, pami yo yon gwoup ayisyen bloke sou fwontyè gwatemala

Otorite nan peyi Gwatemala arete jounen samdi 24 septanm 2022 an yon gwoup ki gen plis pase 400 migran nan pòs fwontalye Corinto avèk Honduras ki t ap tante rive Mexique aprè pou rantre nan peyi Etazini, daprè sa Alejandra Mena ki se pòt pawòl Enstiti Gwatemaltèk migrasyon rapòte. 

Daprè IGM ki se enstitisyon k ap jere kesyon migrasyon nan peyi Gwatemala, gwoup migran sa yo ki sòti nan divès peyi nan amerik la ak nan karayib la, pami yo Ayiti, gen ladan yo timoun ak fanm ansent ki pa t prezante okenn dokiman legal nan moman yo rive sou fwontyè Gwatemaltèk la. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Gouvènman nan peyi Gwatemala ta pral aktive pwotokòl atansyon migratwa a aprè yo te fin lokalize migran yo paske, daprè Enstitisyon Gwatemaltèk migrasyon, gen yon lòt gwoup migran ki nan wout pou rantre menm jan an sou fwontyè a nan jou k ap vini yo. 

Malgre sitiyasyon ilegal migran sa yo, genyen 121 ladan yo otorite migrasyon yo pran pou rezon imanitè, pami yo 3 fanm ansent ak timoun ki te nan nesesite èd pou divès rezon. Rès migran yo pa t gen otorizasyon rantre sou teritwa a, daprè responsab IGM yo. 

Depi kèk tan, Gwatemala se youn nan koulwa migran yo itilize anpil pou kapab tante rantre ilegal sou teritwa ameriken an nan chache yon vi miyò akoz nan peyi pa yo lamizè, ensekirite pa ba yo chans. An Ayiti, se prèske chak jou siwtayen yo ap fè tout mwayen pou kite peyi a, a pye oubyen sou lanmè. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.