SPH di yo kondane disparisyon 3 militan Nan « Baz 47 » 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
sph di yo kondane disparisyon 3 militan nan baz 47 

Sektè Popilè Ayisyen (SPH)  nan yon nòt ki pote dat 25 septanm 2022 a, di yo  kondane  ak tout fòs disparisyon twa militan « Baz 47 » twa moun sa yo, Fanmi yo pa janm tande pale de yo depi Jedi pase a. 

Nan nòt sa  ki gen siyati, René Momplaisir, SPH di Rijhonson Dumas, Nicolas Murat ak Baby, se non twa militan sa yo, ki swadizan asasinen sou wout Kwadèboukè a, daprè Sektè Popilè Ayisyen an. Yon lòt bò SPH la fè konnen yo vle ede ak seremoni antèman youn nan fanmi yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sektè Popilè Ayisyen an, ki di li sezi pa zak repiyan  sa a, « lanse yon apèl pou otorite ayisyen yo pran tout dispozisyon ki nesesè pou kwape zak ensekirite sa a k ap ravaje nan tout peyi a e sitou nan zòn  Kwadèboukè, Matisan, Site Solèy, Delma, elatriye », tout pandan yo fè konnen yo ta vle pou zak  sa a pa sèvi ak rezon politik. 

« Baz 47 » se yon baz ki nan Delma, souvan ki trè aktif pandan mouvman manifestasyon nan vil Pòtoprens lan.   

Dapre enfòmasyon Gazette Haïti retransmèt, gang « 400 mawozo » te pran 3 militan  sa yo pou espyon yo te touye yo epi boule kadav yo.
 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.