Nan vil Nyon, peyi Laswis, responsab UEFA yo reyalize jodi vandredi an tiraj osò pou rès konpetisyon ewopeyèn yo, pami yo, kadefinal Lig dè Chanpyon an kote pral genyen nan kòmansman mwa avril la plizyè match chòk.
Uit (8) ekip ki ta pral sòti kalifye nan uityèm definal Lig dè Chanpyon an sou de dènye semèn yo, pral gen pou jwe nan 4 match separe, avèk prensipalman yon batay Real Madrid – Chelsea epi yon Manchester City – Bayern Munich.
UEFA reyalize jodi vandredi an tiraj osò pou kadefinal Lig dè Chanpyon an ki tou gen rès pakou konpetisyon an jiska final la k ap gen pou jwe nan vil Istanbul, peyi Latiki. Akote 2 match chòk nou site avan yo, ap genyen egalman yon batay 100% italyen ant AC Milan – Napoli san bliye Inter k ap kwaze Benfica.
Yon seri match k ap gen pou dewoule nan dat 11 ak 12 avril pou seri ale an epi yon semèn aprè, 18 ak 19 avril, nan kat match k ap mete fas pou fas uit dènye ekip yo nan konpetisyon sa ki te demare ak 32 fòmasyon ki sòti nan diferan chanpyona ewopeyen yo.
N ap mansyone, pou premye fwa depi sezon 2005-2006, genyen twa klèb italyen nan kadefinal Lig dè Chanpyon avèk de klèb Milan yo epi Napoli k ap fè yon sezon eksepsyonèl kote yo lidè chanpyona Itali an avèk 18 pwen anplis ekip ki vin aprè l lan.
Facebook Comments