Plizyè bandi mouri nan afwontman ak lapolis sou wout nasyonal no 1 an 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
plizyè bandi mouri nan afwontman ak lapolis sou wout nasyonal no 1 an 

Plizyè nèg ak zam fè vwèl pou peyi san chapo nan echanj kout zam avèk lapolis sou wout nasyonal nimewo 1 an, nan kèk zòn tankou Lafito, Minotri ak Sous Matla. 

Sous rezo sosyal li yo, pami yo Facebook, Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) fè konnen plizyè inite espesyalize te mennen yon operasyon nan zòn sila yo nan jou ki te dimanch 04 desanm pase a. Plizyè ajan SWAT, UDMO ak UTAG te pran kontwòl lye yo epi toke kout zam ak bandi k ap okipe la yo, nan lide pou te ramne lapè. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

“Objektif entèvansyon sa k ap kontinye toujou, se pou chase gwoup ame ki vle kenbe zòn sa yo an otaj”, nou ka li nan yon nòt PNH la pibliye sou paj Facebook li.  

Enstitisyon an ale pi lwen pou di “nan echanj kout zam avèk lapolis, gen bandi ki tonbe ak blese. Nan zòn sa yo, lapolis, gras ak avèk Inite anjen lou, rive debleye wout epi bouche gwo twou bandi yo fè pou te anpeche pwogresyon fòs lòd yo pou rive nan fyèf yo.” 

N ap raple depi kèk jou wout nasyonal nimewo 1 an, patikilyèman nan zòn Lafito, Minotri ak Sous Matla nan Kabarè, ap pase move moman anba grif bandi ak zam. Genyen plizyè atak ki fèt la yo kont lapolis, san konte nan zòn Sous Matla yon masak te fè anviwon yon ventèn mò nan lannwit 29 novanm pou al bout 30 novanm 2022 a, nan maten. Kriminèl yo boule plizyè moun ak kay tou. 

Konsa, PNH la enfòme sou enstriksyon kòmandan an chèf la, Frantz Elbé, gen blende k ap kontinye fè patwouy sou wout nasyonal nimewo 1 an nan nivo zòn  pò Lafito, Minotri ak Sous Matla pou kontinye kwape bandi ki anpeche popilasyon an viv kè pòpòz la yo. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.