Si w pa gen doum oubyen galon ou paka achte gaz nan kèk ponp

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
si w pa gen doum oubyen galon ou paka achte gaz nan kèk ponp (1)

Kalvè gaz la retounen pou pi rèd nan peyi d Ayiti. Kèk tan aprè gaz te konn ap vann kòmsadwa nan ponp yo, kote veyikil te konn vin plen san pwoblèm, jounen jodi a si w pa gen doum ak galon ou p ap ka jwenn chans achte yon titak gaz nan kapital la Pòtoprens ak zòn ki anviwonnen l yo.

Wi, nan plizyè estasyon sèvis sou Delma, nan Petyonvil, Taba, elatriye, pratik vann gaz nan resipyan tèlman vin alamòd, menm lapolis antre nan pratik goumen pou achte gaz nan galon an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou kounya, depi w pa mache avèk doum oubyen galon pou w vin pran gaz, ponpis yo oubyen sila k ap vann gaz yo, (ki konn sivil ki gen kouto oubyen zam sou yo), p ap okipe w tankou chen.

Plizyè fwa nou fè konsta a nan kèk ponp ki sou wout Delma, sou wout ayopò a ak nan Kafou Vincent ki tou pre Drouillard. Chofè machin ak moto kanpe ap asiste komès gaz la k ap fèt eksklisivman nan resipyan, yo paka achte san pou pi piti yon galon nan men yo.

Komès sila rantab anpil, piske sila k ap vann gaz yo fè plis pase 5 mil goud sou chak doum, san konte kòb yo fè sou lòt resipyan tankou galon jòn ak ti galon piti yo. E yo vann anpil pa jou.

Pratik sila lakòz pri gaz la vann atè yl dejenere. Li pase 180, 200, 250 jiska 300 dola ayisyen aktyèlman nan kèk zòn pou yon ti galon gaz. Sa ki lakòz kous machin yo ogmante nan plizyè kwen teritwa a, anplis lòt aktivite ki paralize akòz lò nwa sila esansyèl nan fonksyonman kotidyen yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.