Alòske pwochen kous elektoral yo ap vanse ti pa ti pa pou ane k ap vini la nan peyi Etazini, aktyèl prezidan ameriken an, Joseph Robinette Biden Junior wè popilarite l ap desann pa bò kote demokrat yo.
Daprè yon sondaj “Associated Press-NORC Center for Public Affairs Research”, se 37% demokrat yo ki swete wè prezidan Biden fè yon lòt manda ankò. Chif sila bese pa rapò ak 52% ki te anrejistre semèn ki te presede eleksyon mitan manda yo ane pase.
Plizyè demokrat, patikilyèman nan New Hampshire mare fache ak Joe Biden paske l te eseye met fen nan estati Eta sila ki se premye sit primè prezidansyèl peyi a. Men pwoblèm yo gen ak lokatè Mezon Blanch lan ale pi lwen toujou, pi fò elektè sila mete an kesyon pwojè sitwayen 80 lane a genyen pou lanse kanpay prezidansyèl li nan pa twò lontan.
Yon lòt kote, gen yon pati ki enkyè pou laj prezidan Biden, ki genyen 80 rekòlt kafe sou tèt li. Yon lòt pati kritike administrasyon li a pou twoup ameriken yo li te retire nan peyi Afganistan alòske sitiyasyon an pa t favorab. San konte gen zèl pwogresis pati demokrat yo, Biden pa t janm rive konvenk yo paske yo jije li modere twòp, tout sa malgre divès reyalizasyon l nan tèt administrasyon amerikèn nan.
Pandan aktyèl lokatè Mezon Blanch lan ap tanmen demach pou relanse kanpay prezidansyèl li pou 2024 k ap vini la, advèsè politik li Donald Trump ap prepare menm plan an.
45yèm prezidan ameriken an, ak tout kanpay li deja kòmanse abitye avèk nouvo reyalite 2024 la. Menm si Donald Trump se petèt favori pou envestiti repibliken yo, li pa sèl lidè nan bòd pati li a, gen lòt toujou, men malgre sa li rete konfyan.
M. Trump deklare samdi pase a menm si yo enkilpe l sa p ap pouse l kite kous la. Li te tou pwofite denigre pwokirè ki ap siveye l yo nan Georgia ak New-York.
Facebook Comments