Yon jwè 21 lane mouri aprè yon malèz nan D1 ivwaryen an

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
yon jwè 21 lane mouri aprè yon malèz nan d1 ivwaryen an

Nan yon kominike, klèb Racing Abidjan anonse lanmò yon defansè li, Moustapha Sylla, ki gen 21 lane, yè dimanch lan, aprè li te gen yon malèz sou teren an, nan rankont ki te opoze RCA ak Sol FC nan premye divizyon chanpyona ivwaryen an.

Klèb Racing Abidjan anonse lanmò Moustapha Sylla, ki pèdi lavi l aprè yon malèz nan yon match nan D1 ivwaryen an. Men sa kominike a fè konnen :

- Advertisement -
Ad imageAd image

 » Defansè Moustapha Sylla, mouri aprè yon malèz sou teren nan match RCA fas Sol FC. »

Prezidan klèb la, Logossina Cissé, te ajoute pou l di : « se pandan yo tap mennen l lopital li mouri. Li te rive nan klèb la septann ki sot pase a, li gen selman 21 lane. »

Klèb Racing Abidjan okipe 7tyèm plas la nan Chanpyona ivwaryen an. Foutbòl la an dèy, yon lòt moman difisil pou disiplin espòtif sa.

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive