Plizyè gwo atis refize chante nan seremoni ouvèti Mondyal la 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
plizyè gwo atis refize chante nan seremoni ouvèti mondyal la 

Anpil atis dekline òf yo te fè yo pou yo te pèfòme nan seremoni ouvèti Koup Di Mond 2022 a. Ta sanble yo an dezakò ak fason peyi a jere kesyon dwa moun. Se rezon sa ki fè yo p ap chante. 

Jan koutim nan ye, FIFA toujou rele plizyè atis pou anime konsè avan premye match Mondyal la demare tout bon. Pou ane 2022, plizyè selebrite mondyal deside dekline apèl FIFA a pou kesyon dwa moun peyi Kata pa wè Menlo jan an tout lòt peyi yo.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon atis tankou Dua Lipa, ki abitye pèfòme nan evènman espòytif yo, eksprime dezakò piblikman. Zetwal kolonbyèn nan, Shakira p ap patisipe nan espektak la tou alòske se li ki te presanti pou l pèfòme. Nou sonje li patisipe plizyè fwa nan seremoni ouvèti ak kloti Mondyal la. 

Menm ke sa, òganizatè Koup Di Mond lan ap gen plizyè gwo atis pou anime konsè pou yo nan kad konpetisyon an. Robbie Williams, les Black Eyed Peas, David Guetta, Maroon 5, J Balvin, Post Malone, Major Lazer et Enrique Iglesias se non atis renome Mondyal sa yo k ap kolabore, men yo pa deside jwe nan ouvèti a. 

Pou moman an, se gwoup koreyen an BTS AK rapè ameriken an, Lil Baby ki konfime pou yo fè cho a. Petèt ke òganizatè sere kèk lòt atis nan tiwa avan yo devwale yo pou gwo kokennchenn espektak sa. Mondyal kreye anpil gwo pou polemik pou kesyon dwa moun yo toupizi nan peyi Kata. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.