Plizyè gwoup nan sektè prive a lanse yon apèl pou yon akò politik ant tout aktè yo 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
plizyè gwoup nan sektè prive a lanse yon apèl pou yon akò politik ant tout aktè yo 

Fas ak degradasyon lavi sosyal, politik ak ekonomik yo nan peyi a, plizyè gwoup nan sektè prive afè a mete tèt yo ansanm pou mande tout aktè nan lavi nasyonal la pou sispann chire pit epi jwenn yon akò politik pou kapab retire peyi a nan twou sa li twouve l lan. 

Nan yon nòt piblik, plizyè gwoup ki fè pati elit ekonomik la nan peyi a reklame prese prese bò kote aktè politik yo pou jwenn yon akò ki ap kapab debouche sou yon gouvènman inite nasyonal k ap kapab regwoupe plis pitit peyi a posib avèk pou prensipal misyon òganize eleksyon yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Gwoup sa yo ki siyen nòt sa fè konnen yo pran angajman pou soutni akò politik sa yo mande a epi la pou akonpanye aktè yo nan mete sou pye tout refòm ki vize tabli nouvo règ sou fason politik ak komès fèt an Ayiti, san konte enstitisyon k ap kreye pou kapab atenn objektik sa yo. 

Sektè patwon an fè konnen yo mete fen ak tout divizyon ki te gen nan mitan yo e mete tèt yo ansanm pou kapab gen yon chanjman nan peyi a. Nan sans sa, yo pran angajman pou lanse yon pwogram refòm sou pratik komèsyal yo an Ayiti, konkirans lwayal ansanm ak respè règ etik ak jiridik yo ki dwe gide aktivite komèsyal yo an Ayiti. 

Nan kad mezi sa yo gwoup sektè prive a konte adopte nan chanjman yo swete a, yo fè konprann yo pare pou kolabore ak gouvènman tranzisyon sa ki ta dwe monte a nan lide pou bay peyi a yon lòt direksyon. 

Patwon yo nan sektè prive a lanse yon apèl bay gouvènman an plas la ak kominote entènasyonal la pou aji kounya nan lide pou soutni epi pwoteje lib sikilasyon moun ak byen nan peyi a, san konte fanmi ki pi pòv yo ki merite jwenn pwoteksyon. 

 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.