MTPTC anonse reparasyon plizyè moso wout ki an movèz eta nan peyi a 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
MTPTC anonse reparasyon plizyè moso wout ki an movèz eta nan peyi a

Ministè Travo Piblik Transpò ak Kominikasyon (MTPTC) anonse, jedi 08 desanm 2022 a, reparasyon plizyè wout nan zòn metwopolitèn Pòtoprens ak nan plizyè vil pwovens. 

Atravè paj Facebook li, enstitisyon an fè konnen li genyen plizyè enjenyè ak teknisyen k ap travay san kanpe nan lide pou amelyore bout wout ki nan movèz eta yo, tankou nan plizyè vil pwovens ak nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Konsa MTPTC di li kòmanse repare plizyè wout nan ri Wa ak Avni Christophe, sou wout nasyonal nimewo 1 an, nan zòn Kazo ak Bon repo. 

Li enfòme tou nan kad travay sila yo, li pase men nan kèk wout tankou zòn wout ayopò. Gen kiraj k ap fèt aktyèlman sou wout Klèsin nan tou. 

Ministè Travo Piblik Transpò ak Kominikasyon enfòme plizyè reparasyon moso wout tou nan zòn Grandans nan wout Dondon, zòn Gran Jil, kafou Mena. L ap repare tou wout Jeneral Marion ki Okay, kote y ap fè kofraj, plase fè epi koule beton. 

MTPTC tou pwofite ajoute yon lòt kote genyen pase men k ap fèt sou rivyè Pon Bwadòm nan, nan depatman Nò peyi a, li te an movèz eta depi kèk tan.  

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.