Plizyè milye fidèl katolik pran lari pou mande manman Imakile fè peyi d Ayiti gras 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
plizyè milye fidèl katolik pran lari pou mande manman imakile fè peyi d ayiti gras 

Ann okazyon fèt Vyèj Imakile Konsepsyon, nan jou ki te jedi 08 desanm 2022 a, plizyè milye fidèl katolik te pran lari nan Pòtoprens pou te lapriyè pou sante peyi a ki pa sispann deteryore akòz ensekirite a. 

Plizyè fanm ak gason, granmoun kou timoun, te defile ak pankat, chaplè epi balèn nan men yo nan plizyè ri nan kapital la Pòtoprens, nan lide pou te priye pou Ayiti. Laplipa nan yo te ak mayo manman mari sou yo ki gen koulè ble ak blan. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Liberasyon », « Gras », « Pitye pou Ayiti », « Pitit manman mari pakonn pèdi batay »: se kèk pami divès kri yo te lanse pandan manifestasyon sila ki te chaje anbyans. 

Plizyè nan fidèl katolik sila yo deklare « yo vle viv an pè, nan yon peyi ki pa gen kidnapin ». Yo mande pou « Jezi, padone moun k ap fè mal yo paske yo pakonn sa y ap fè ». Nan okazyon sila, genyen fidèl ki te tou remèsye Vyèj la pou priyè yo li ekzose. 

N ap raple, fidèl katolik yo selebre fèt Imakile Konsepsyon nan plizyè vil peyi d Ayiti chak 08 desanm. Si nan yon premye tan selebrasyon sila te konn chita sou adorasyon ak remèsiman, depi dènye tan sa yo se plis revandikasyon, pami yo politik, kretyen yo fè pase nan fèt Vyèj la. 

Depi kèk tan peyi a ap fè fas ak yon grav kriz sosyopolitik, ekonomik ak imanitè ki lakòz li plonje nan yon katchouboumbe san parèy. Anplis gang ak zam yo ki okipe teritwa, Leta ayisyen pa janm fè anyen pou reprann kontwòl sitiyasyon ki pa sispann dejenere. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.