« Polisye yo sèvi ak machin blende pou fè lajan », daprè Pierre Espérance

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
polisye yo sèvi ak machin blende pou fè lajan, daprè pierre espérance

Chèf enspeksyon Jeneral Polis Nasyonal d Ayiti (IGC/PNH ) a, Fritz Saint-Fort resevwa korespondans nan dat ki te  23 desanm 2022 a nan men Direktè Egzekitif RNDDH la, Pierre Espérance, ki envite l kòmanse yon ankèt pou fè limyè sou asasina ofisye lapolis Lincoln Bien-Aimé (32), limenm ki te plase nan Biwo pou Lite kont Trafik Nakotik (BLTS).  

An reyalite, chèf RNDDH la raple polisye a te refize aksè nan yon machin blende pa kòlèg li yo e yo te oblije riske wout la abò yon motosiklèt li menm ak yon zanmi ki te akonpaye li. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Korespondans lan mansyone yon motosiklèt kriminèl te kanpe anvan yo touye polisye a epi kite jenn fi ki te akonpaye l la pou l mouri. « Yo te ka evite zak sa a si lapolis ki te nan yon machin blende te dakò travèse viktim nan ak zanmi l », te deplore RNDDH. 

Bagay sa yo mete aksan sou pratik degradan lapolis yo egzèse pou takse moun. Chif defansè dwa moun yo kominike yo endike yon  mank respè san parèy pou kòd etik ak règleman jeneral enstitisyon polis la. 

« Dwa pou monte nan yon machin blende ki mobilize nan zòn danjere, sitou sou wout nasyonal nimewo 8 la, varye ant 2500 goud ak 500 dola ameriken », detaye Chèf RNDDH la.  Pou kontenè ki soti nan Repiblik Dominikèn, frè yo varye ant 700 ak 1000 dola ameriken. Kamyon transpò piblik ki soti  Malpas yo sibi menm egzijans yo lè yo peye jiska 10 mil goud, selon sa Pierre Espérance te presize. 

« Enfòmasyon alamant  sa a, fè konprann pou ogmante lajan mwa yo, ofisye polis yo prefere ekspoze kòlèg yo, frè ak sè yo pandan yo bliye entegrite ak pwobite yo anvè nasyon yo ap sèvi a », te fè konnen Pierre Espérance. 

Se sak fè, chèf RNDDH la envite IGPNH pou mennen yon ankèt rapid sou asasina Lincoln Bien-Aimé ak sou zafè trafik materyèl ak ekipman lapolis yo pou rezon ekonomik epi mete sanksyon sou koupab yo. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.