Pou senatè Patrice Dumont, sèl yon gouvènman lejitim kapab rezoud pwoblèm gaz la 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
pou senatè patrice dumont, sèl yon gouvènman lejitim kapab rezoud pwoblèm gaz la 

Malgre gouvènman an te pran desizyon inilateral pou te ogmante pri gaz la ak pa sibvansyone l ankò sou mache lokal la, sa pa anpeche rate gaz la rapousib chimen l nan Pòtoprens ak nan vil pwovens yo. 

Depi avan mobilizasyon kont pouvwa anplas la, ki gen nan tèt li premye minis defakto Ariel Henry, jwenn gaz pou achte nan ponp yo te rete yon veritab defi. 3 mwa aprè ogmantasyon pri yo kriz la toujou kontinye. Nan sans sa senatè Patrice Dumont fè konnen « se sèl yon gouvènman ki lejitim k ap kapab rezoud pwoblèm sila ». 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Eli depatman Lwès la deklare nan « jan sitiyasyon an ap dewoule aktyèlman se kòm si peniri a se yon bagay ki nòmal » paske alòske prèske tout ponp ret fèmen, pandan kèk lòt ap fè mache nwa ak gaz la, atè nan lari a chaje moun k ap vann gaz nan galon. 

« Jan bagay la rive a la, yo vle se pa tas pou moun ta achte gaz. E tas la se pa yon dola ameriken yo t ap mande pou li. Genlè yo t ap mande 10 dola pa tas. Pa tas gaz. Donk se yon bagay ki ensipòtab », li te plenyen nan mikwo Lavwadlamerik. 

« Machin pral tounen tab. Nou kondane pou machin tounen kabann », mesye Patrice Dumont te avanse, pandan l te tou pwofite manyen zafè kouran ki pa genyen nan peyi a. 

Pou eli a, Ayiti kondane pou l pa devlope paske genyen 5 ou 6 gran nèg [nèg ki gen lajan] ki vle, nan yon premye tan genyen monopòl gaz la, menm jan yo genyen monopòl dwàn ak fwontyè yo. 

Li pa pase pa kat chimen pou di se moun pèp ayisyen an deziyen kòm chèf Leta, kòm Premye minis, kòm prezidan Asanble Nasyonal, k ap antann yo ak moun sa yo pou fè (plis) kòb. Senatè Patrice Dumont wè nan sa yon mwayen pou « touye » peyi a. 

N ap raple, pri gaz la pa t chanje nan ponp yo, ogmantasyon an te toujou kenbe jan gouvènman Ariel Henry a te anonse l nan mwa septanm pase a, malgre divès kraze brize ki te fèt nan lari a pandan plizyè mwa. Mete sou sa, bandi G9 yo ki nan Site Solèy t ap pral pran kontwòl pi gwo sant estokaj pwodui petwolye peyi a, tèminal Varreux, ki nan komin sila.  

Nan dat 13 septanm nan, premye minis peyi a, pandan yon konsèy minis, te chita sou nouvo pri pwodwi petwolye yo te dwe vann nan ponp yo. Konsa gazolin nan ki te vann 250 goud te pase ak 570 goud, dyezèl la 353 pou 670 goud, epi kewozèn nan 352 pou 665 goud. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou kounya, ratman gaz la tounen pou pi rèd anba ponp yo, alòske komès gaz nan galon an reprann pran chè. Jiskaprezan gouvènman anplas la pa di anyen sou sa. Anpil moun denonse yon tantativ pou Leta ayisyen ka ogmante pri yo nan ponp ankò epi pou l vann byen chè sou mache a. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.