Poukisa kèk monnen metalik tankou 50 kòb, yon goud pa sèvi ankò ?

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
poukisa kèk monnen metalik tankou 50 kòb, yon goud pa sèvi ankò

Monnen metalik yo tankou yon goud, 5 goud, 50 kòb, pou n site sa yo sèlman, jwe yon gwo wòl nan tranzaksyon ekonomik yo andedan peyi a. Daprè kèk ajan ekonomik, li pèmèt yo divize an miyèt mòsò biyè 10, 25, 50, 100 jiska 1000 goud yo an Ayiti, epi li fasilite yo remèt monnen kòmsadwa sou mache a. Men, Bank Repiblik Dayiti (BRH) dispoze yon depans pou sa.

Malgre tout sa nou kapab konstate depi kèk lane, anpil ajan ekonomik pa vle itilitize monnen metalik ki pi piti yo ankò tankou ” 5 kòb, pou rive nan 50 kòb, menm yon goud la pa itilize sou prèske tout mache a, menm lè BRH toujou kite yo an sikilasyon.
Daprè Stanley Roseney ki se yon memoran nan Syans Ekonomik, genyen divès rezon ki eksplike konpòtman sa a lakay ajan ekonomik yo, tankou : ENFLASYON.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Kisa enflasyon an ye ?

Pou w konprann pi byen, enflasyon an se yon ogmantasyon jeneral pri pwodwi yo sou yon mache ekonomik. Men, yo detèmine divès faktè ki ta ka lakòz yon enflasyon ekonomik. Nou p ap chita sou sa….

“Depi nan deseni ki te pase anvan yo, fenomèn enflasyon sa te deja pèmèt disparisyon monnen metalik yo, kòmanse nan yon kòb, 20 kòb ak 25 kòb”, te fè konnen jèn ekonomis non l site anlè an.

N ap mande, èske nan 20 ak 30 lane ankò, si se pa pral menm sò a pou monnen metalik 5 goud yo tou ?

Li enpòtan pou n raple tou, konpòtman sa genyen gwo konsekans sou to ENFLASYON an, lè n konsidere aktyèlman la 1/2 GLÒS LWIL ki ta sipoze vann 17 goud 50, pase otomatikman a 20 goud. Nou te kapab pran plizyè lòt egzanp tankou : kous machin ki ta sipoze 23 goud oblije monte 25 goud.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.