Matisan, Fontamara ak Bizoton lage san kouran ni siyal entenèt depi plizyè mwa

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
matisan, fontamara ak bizoton lage san kouran ni siyal entenèt depi plizyè mwa. kredi foto nbc news

Depi plizyè mwa, moun Fontamara, Bizoton ak Matisan ap pase mizè pou jwenn kouran pou yo fonksyone, mete sou absans koneksyon entnèt la pou rete konekte ak pwòch yo. Itilizasyon kouran EDH, rezo konpayi telefonik ayiti yo se menm penpenp lan. Kèk abitan repwoche responsab enèji yo ak rezo yo ki, daprè yo, neglije rezoud pàn yo.

Menmjan kèk moun ki abite nan zòn sa yo nan rantre Sid Kapital la babye iresponsabilite dirijan konpayi sa yo – EDH, ak konpayi telefonik yo- ki pa neglije bay sèvis yo jan sa ta dwe fèt la, konsa tou kèk moun bay rezon ki ta ka lakoz sitiyasyon sa. Pè Ti Will ki se yon sitwayen ki abite Bizoton 53, fè konnen gè lapolis fas bandi 5 Segond yo nan Vilaj De Dye a ta youn nan rezon yo. “Gen fil ki oblije pase Matisan pou alimante enèji Bizoton, ak Fontamara, lè Lapolis ap goumen ak bandi yo gen anpil fil ki kase nan zòn sa yo, gen poto ki menm tonbe”, rapouswiv sitwayen sa.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou zafè kouran an ak pwoblèm rezo entènèt ki pa aksesib depi plizyè mwa nan zòn sa yo, Matisan, Fontamara ak kèk kote nan Bizoton, konpayi ki responsab sa yo EDH, ak konpayi telefonik yo,  poko soti okenn nòt oubyen yon konferans pou laprès pou jistifye fenomèn sa a. Kèk konsomatè nou pale ak yo di, se bandi yo ki lakoz sa. ” Tout sa k pou fèt andedan an fòk bandi yo okouran, epi fòk yo touche pou sa”, te deklare yon pèsonaj ki abite Fontamara. Pou w konprann pi byen, sitwayen an eksplike, pou EDH, NATCOM, DIGICEL, alimante sèvis yo nan katye sa yo, gen yon sòm lajan fòk yo peye bandi pou fasilite sèvis yo kòmsadwa lè pàn sa yo frekante alòske sèvis la itil yo.

Absans kouran an genyen gwo enpak sou moun yo, sitou pandan peryòd chalè a. Plis depans fèt nan achte glas pou konsome yon bagay glase tankou ji ak dlo. Machann bagay bwè yo depanse plis paske lè gen enèji benefis lan pi rantab pou yo, daprè kèk temwanyaj.

Bandi yo vin plis egzijan, yo vin pi otoritè !

Prèske tout katye ki genyen bandi ak zam k ap dirije yo, se anba lòd yo pou tout bagay fonksyone. Yo touche pou sikilasyon machin fèt, yo touche nan estasyon sèvis yo, nan men tout chofè, yo ransone machann kòmsadwa, boutik ak lòt biznis dwe yo yon frè pou yo fonksyone. Menm antreprenè prive kou biznis Leta pa epanye nan ribrik sa bandi yo pran plezi ladan l lan.

Pandan yo gen gwo biznis atè nan katye popilè yo tou, yo itilize estrateji pou kòb toujou rete nan men yo lè yo enpisan nan fè kidnapin ak lòt aktivite malonèt tankou kase ponyèt malere ak malerèz.

Kesyon n ap poze, èske menmjan anpil moun okouran de aktivite sa yo bandi yo ap mennen an, Leta ak pi wo nivo Lapolis la pa okouran tou ? Èske bandi yo genyen pi gwo taktik pou viv byen vre, oubyen yo jwenn sipò dirijan yo nan peyi a pou fasilite yo rete pisan konsa ?

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Kredi Foto:  NBC NEWS

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.