Powèt  Sou Tras Jak Solèy, se tit dezyèm edisyon atelye pwezi ak diskisyon Ricardo Boucher te retalize 

Revital Lynch
ParRevital Lynch
powèt  sou tras jak solèy, se tit dezyèm edisyon atelye pwezi ak diskisyon ricardo boucher te retalize 

Ant angajman atistik ak angajman politik, Jacques Stephen Alexis : Yon inite dyalektik. Se sou tèm sa, Ricardo Boucher kise inisyatè mouvman an ak patisipasyon plizyè lòt kamarad atis, te lanse dezyèm edisyon atelye pwezi ak diskisyon sou plas Desalin ki twouve l nan kè channmas la jou kite vandredi 26 dawou 2022 a. 

Nan lide pou rann omaj ak potorik gason ki pote non Jacques Stephen Alexis, ou byen Jak Solèy pou n prete pawòl powèt Ricardo Boucher, ekip MONEGAF la te reyalize de jounen aktivite. Powèt-militan an te eksplike nan mikwo Mickenson Duvergé pou Netalkole Media, inisyativ sa se yon fason tou pou travèse pwezi a sòti nan kad tradisyonèl li pou mete l nan lari a kote yo ka fè bonjan konesans ak li. 

- Advertisement -
Ad imageAd image
Powèt Sou Tras Jak Solèy, se tit dezyèm edisyon atelye pwezi ak diskisyon Ricardo Boucher te retalize

Pi lwen powèt ta fè konnen aktivite sa se te yon pretèks pou di sa nou pa vle di yo. Pou pote nan zòrèy moun yo sitiyasyon sila yo ki pi mal yo. 

Jounen ki te vandredi ki 26 out la, yo te reyini pou selebre Jacques Stephen Alexis, pou te selbre pwezi nan tèm “Ant angajman atistik ak angajman politik, Jacques Stephen Alexis: Yon inite dyalektik”. Aktivite sa se te yon atelye pwezi ak deba, kote nou te twouve Wasly Simon, Samuela Saint-Vil epi Ricardo Boucher, sou plas Desalin nan mitan kè Channmas la, nan Pòtoprens.  

Nan samdi, yon mach atistik te reyalize pou yo te kapab mete fen ak dezyèm edisyon aktivite a, andedan mach la, atis yo, powèt yo te fè tande vwa yo e pase kèk mesaj pou moun k ap dirije peyi a. Nan okazyon selebrasyon 100 lane nesans Jacques Stephen Alexis. Se sou plas Jeremi yo te reyini, nan Kafoufèy. Nan dènye jounen aktivite sa nou te jwenn atis pent Wismy Faustin ki te fè yon pòtrè Jacques Stephen Alexis. Mach la tanmen plas Jeremi, pase Avni Kristòf, Kafou Tifou, Channmas epi l te bout sou plas Kalbwa.  

Powèt Sou Tras Jak Solèy, se tit dezyèm edisyon atelye pwezi ak diskisyon Ricardo Boucher te retalize

Aprè mach la te fini sou plas Kalbwa, yo te ale Fò Nasyonal lakay Domini Resain, yon atis pent ki te resevwa 3 bal pandan te sou do kay li. Atis la te sipoze ak yo nan aktivite a men akoz eta sante l aprè katouch yo li pa t ka prezan. 

Ricardo Boucher pa t kache satisfaksyon l pou kokennchenn aktivite sa, li twouve se yon gwo siksè. Nou ret kwè yon twazyèm edisyon ap enpòtan e pouki pa jwenn sipò kèk gwo enstans ki toujou ap sipòte lakilti nan peyi Dayiti. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Ray est un jeune web entrepreneur et journaliste évoluant dans le monde du multimédia. Il est un passionné de la technologie et de ses sciences connexes.