Ayiti : Ofisyèlman lang Kreyòl la ap ansenye jiska segondè 4 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
ayiti ofisyèlman lang kreyòl la ap ansenye jiska segondè 4 

Ofisyèlman Ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) rekonèt kreyòl ayisyen an kòm lang ansèyman soti nan preskolè pou rive nan Nouvo Segondè 4, sa yo rele nan langaj teknik lan (NS4) la. Se sa minis Edikasyon an, Nesmy Manigat, te anonse jounen 25 dawout pase a. 

Desizyon sa a vini aprè anpil bat bouch ki te fèt ak plizyè kad nan ministè a pou valorize lang kreyòl la menm jan ak tout lòt lang yo, sitou nan domèn esikasyon an « Nan okazyon jou prezantasyon Liv Eskolè Inik an kreyòl pou premye ak dezyèm ane Fondamantal la, Ministè Edikasyon kontan anonse chanjman ki fèt ane sa a nan kad oryantasyon kourikoulòm nan : Kreyòl lang ansèyman jiska dènye klas segondè. N ap vanse ti pa ti pa sou lekòl miltilang baze sou kreyòl la », se sa Manigat te ekri sou kont Twitter li. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Minis lan kontinye pou l di, kounya kreyòl la se inik lang ansèyman pou preskolè, premye ak dezyèm ane fondamantal. Sa vle di, se li pwofesè lekòl  ap itilize pou anseye matyè yo. Mete sou sa, fransè ak kreyòl ayisyen se lang ansèyman, soti nan twazyèm ane fondamantal jiska Nouvo Segondè 4. 

Pi lwen, responsab la presize y ap anseye fransè ak kreyòl soti nan premye sik fondamantal pou rive nan segondè 4. Nan sa ki gen pou wè ak anglè epi espanyòl, y ap ansèye yo soti nan twazyèm sik fondamantal pou rive nan nouvo segondè 4. 

Kisa liv inik la ye? 

Se yon liv editè yo kreye pou elèv premye ak dezyèm ane fondamantal. Yo kreye zouti sa a nan kad travay ministè a ap fè pou transfòme lekòl ayisyen an, daprè sa Nesmy Manigat te di pandan seremoni prezantasyon ak ekspozisyon liv la. 

Nan sans sa a, li fè konnen, ak liv sa a, elèv yo nan kat kwen peyi a ap gen posibilite aprann tout konesans ki nesesè pandan ane lekòl la, pandan li fè konnen ya p distribye li nan tout lekòl yo. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.