Premye Minis Britanik lan Liz Truss, demisyone akòz enkapasite l 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
premye minis britanik lan liz truss, demisyone akòz enkapasite l 

Aprè li te pase sèlman 6 semèn sou pouvwa a, Premye Minis Britanik lan Liz Truss, anonse demisyon li jodi jedi 20 oktòb 2022 a, paske li konstate li enkapab pou mennen bak peyi a nan bon jan kondisyon. 

« Jan sitiyasyon an ye la a, mwen pa ka ranpli manda Pati Konsèvatif lan te eli m nan » te afime Liz Truss ki endike tou « yon nouvo bilten vòt entèn ta dwe fèt nan majorite a nan jou kap vini yo pou ranplase m ». 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Alòske, selon jan li ekri nan lwa manman  Wayòm Ini an, Lap toujou prezante nan biwo l jiskaske yo ranplase l. 

 Nap raple Madam Truss te vin Premye Minis Britanik Jedi pase a, li se tou, youn nan moun ki pase pi piti tan sou pouvwa a nan tout listwa kontanporen Wayòm Ini. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.