Prezidan eli akò Montana a Fritz Alphonse Jean konsidere apèl Ariel ak entènasyonal la kòm yo wont pou nasyon an  

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
prezidan eli akò montana a fritz alphonse jean konsidere apèl ariel ak entènasyonal la kòm yo wont pou nasyon an  

Nan yon diskou li bay ak nasyon an, Prezidan eli Akò Montana a, Fritz Alphonse Jean, eksprime dezakò li ak demann Premye Minis Ariel Henry yo sitou sou kesyon « asistans kominote entènasyonal la nan peyi a » PM nan te soulve nan dènye diskou li. Reprezantan eli akò Montana konsidere apwòch sa a kòm yon wont nasyonal.  

ansyen gouvènè BRH la fè konnen nan diskou li a: « Olye pou l travay nan aplikasyon yon konsansis ase, li pito mande èd.», li fè konnen kijan peyi a bezwen yon konsansis nasyonal ki reyèl, nan sousi pou abòde pwoblèm ekonomik yo epi mete fen ak move gouvènans ekip Ariel la. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

 « KALFOU LAREZON an di se pa entèvansyon fòs etranjè ankò kap ban nou chimen an, men se pito konsansis pou nou kanpe leta a ak bon jan gouvènay pou konstwi chimen pwogrè ak lapè sosyal », deklarasyon prezidan eli akò Montana a. Fritz Alphonse Jean mande ak fòs popilè nasyon an pou yo koute rèl moun ki malad yo, gason ak fanm ki pa sispann bouske chak jou anba bal. Reouvèti klas yo ki nan yon enpas kritik, konpayi yo ki kòmanse disparèt. Selon sa li di, konsansis la se esansyèl solisyon ak kriz aktyèl la a. 

« Nan lane 1915, 1994 ak 2004, olye nou jwenn yon konsansis ant nou, nou te pito divize tèt nou, chak moun te pito defann enterè pèsonèl yo, sa a ki te lakòz dezòd epi louvri wout okipasyon etranje yo. » Te souliye lidè a. Li kontinye poul di, okipasyon sa yo reprezante yon afwon pou ewo nou yo, nan sans sa a, prezidan eli akò Montana a envite aktè yo pou yo pa fè menm erè yo. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.