Manifestan mete dife nan yon anèks DGI sou wout Juvénat 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
manifestan mete dife nan yon anèks dgi sou wout juvénat 

Depi plizyè sèmen, anpil kote nan peyi ap fè fas an gwo tansyon pou mande  depa Premye Minis Ariel Henry nan tèt pouvwa pou denonse lavi chè  ak ensekirite nan peyi a elatriye. 

Nan kad Manifestasyon sa yo, ayè jedi 6 oktòb 2022 a, depatman Gwo Kontribyab yo (DGI) ki chita kò li sou Juvénat  a te pran dife. Aksyon sa, se travay yon gwoup manifestan ki mande demisyon Premye Minis Ariel Henry nan tèt pouvwa.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou manifestan sa yo te krache kòlè yo kont desizyon Chèf Gouvènman pran pou li ogmante pri gaz nan ponp yo, manifestan sa yo ki te an kòlè pat ezite mete gwo dife nan anèks DGI ki Juvénat, epi yo te mete dife nan yon machin leta yo te jwenn nan lakou enstitisyon an, nan dat ki te 6 oktò 2022 a. 

Lapolis ki te bezwen kalme foul manifestan sa yo te 

itilize gaz lakrimojèn yon fason pou te reprann kontwòl manifestan sa yo ki te deraye sou wout Juvénat. 

Men Sepandan, menifestan yo te vin pi an kòlè, e  yo te kontinye ap di si Lokatè Primati a pa retire desizyon li pran pou li monte  pri gaz la nan peyi, yo pral atake lòt biwo Leta e yap mete dife ladan yo. 
 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.