Pri manje yo kontinye ap monte tèt nèg, Leta pa rache yon mo 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
pri manje yo kontinye ap monte tèt nèg, leta pa rache yon mo 

Sa fè plis pase 2 mwa aprè pèp la te leve sou brenzeng li kont dènye desizyon Ariel Henry te pran pou ogmante pri gaz yo sou mache nasyonal la, sitiyasyon an toujou mangonmen paske gouvènman an pa gen entansyon fè bak, pri manje yo pa desann se dejenere l ap dejenerw pi plis, pri gaz la a se tèt chaje. 

Mouvman pwotestasyon yo ak twoub politik sa yo peyi a ap fè fas jounen jodi a, mennen yon lòt fwa ankò peyi a nan yon kriz imanitè san parèy. Depi lè sa a, peyi a « fèmen ». Pri gaz yo ap ogmante chak jou pi plis ak yon vitès nan mache enfòmèl ayisyen an. Sa ki ta pral afekte tout kouch ki pi enpòtan yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè deklarasyon kèk machann nan Mache Kafou Peyan, nan zòn Taba komin Petyonvil, pri pwodwi manje yo pa sispann ba yo kou,  anvan manifestasyon yo nan lari yo, pri yon « bokit » ki gen senk galon lwil oliv te koute 7 mil Goud, sak diri bongù te koute 3.250 Goud, yon galon lwil oliv te vann jiska 800 goud, sak diri mega a te vann 2.500 Goud, sak farin nan te 3 mil goud, sak sik blan an pou kont pa l te vann 3 mil goud. 

Pandan manifestasyon yo pri yon sak diri bongù pase ak 4.150 Goud, pou diri mega a se 4.100 Goud, yon  kontenè senk galon koute 8.250 Goud, yon ka lwil oliv 6 galon vann 9.250 Goud, sik blan an pase a 3.500 Goud, yon ka Magi Kay lucien, selon sa a machann yo di, vann 6.450 Goud. 

Pou pat tomat la ki gen 12 sachè ladan l, pri yo varye ant 1.750 jiska 1.875 Goud. Pandan pri yo te 1.000 jiska 1.225 Goud anvan sa. 

Sitiyasyon an toujou nan nivo kritik li . Se lamizè k ap taye banda nan tout rakwen peyi a, sitou nan katye defavorize yo. Mete sou sa a, gouvènman  Ariel  Henry a kanpe an bout tonton pandan li kontinye ap konpòte li tankou yon moun soud,  li inyore kri ak alam  pèp ayisyen an ki pa sispann mouri grangou chak jou pi plis. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.