2 prizonye vale batistè yo, jou ki te vandredi 23 septanm 2022 a, 5 lòt nan yon eta kritik. Daprè sa plizyè sous lokal konfime redaksyon an, move kondisyon lavi ak neglijans leta a sou zafè sante prizonye yo, se kèk nan prensipal rezon ki ta lakòz dega sa yo.
Li pa yon sekrè pou pyès moun, lavi prizonye yo an Ayiti se yon lanfè. » Mal manje, pwoblèm sante, twòp prizonye nan selil yo, elatriye, se kèk move tretman ki pat janm sispann denonse men ki toujou rete kòm yon gwo defi pou enstans konsène yo ansanm ak gouvènman ki (swadizan) di yap dirije peyi a.
Se prèske chak jou nan anpil prizon nan peyi a, sitou nan Pòtoprens ak kèk vil pwovens, yo toujou anrejistre plizyè ka lanmò, oubyen gwo maladi andedan prizon yo.
Se te menm ka a pou prizon sivil komin Tigwav, 2 prizonye bwè dlo dan yo pandan jounen vandredi 23 septanm 2022 a, alòske kòz lanmò yo rete enkoni. Sepandan, pou kèk moun, se move kondisyon yo nan detansyon prizon sivil vil la ki ta youn nan kòz yo. Gen kèk moun ki kritike ensidan an epi ki fè konnen lavi prizonye yo nan sant prizon sa a anmè kou fyèl.
» Pa gen ase manje, pa gen dlo pou nou bwè, prizonye pil sou pil, se sa yo ki lakòz nap malad konsa » te deklare youn nan prizonye yo. Sitiyasyon an vin pi malouk depi kòmansman mouvman manifestasyon pou egzije demisyon Premye minis Ariel Henry a, epi reklame pi bon kondisyon lavi. Ti lamanjay yo te konn pote pou prizonye yo pafwa a vin pa fasil akòz mouvman pwotestasyon yo ki te okipe wout yo
Selon plizyè korespondan nou nan vil Tigwav, genyen plizyè lòt prizonye ki nan yon eta deplorab. 5 dènye ka resanse nan semèn sa a, ki pou kouwèl ye la a bezwen yon asistans espesyal akòz yo pa stab menm jan ak tout lòt prizonye yo.

