NETALKOLE

Pwofesè lekòl LETA yo anonse yon sit-in 12 septanm pou mande salè yo 

Plis pase 500 anseyan Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) ki te resevwa nominasyon nan mwa Avril pase a, poko janm manje yon goud lesko nan men ministè a depi dat, Selon sa yo eksplike nan mikwo laprès. 

Nan yon konferans pou laprès yo te bay jou ki te jedi 9 septanm 2022 la, pwofesè sa yo te mande minis ekonomi an ak Finans, Mesye Patrick Boisvert, pou gade nan sò yo si se tout bon minis edikasyon an Nesmy Manigat inyore yo, yo planifye pou òganize lendi 12 septanm 2022 a yon sit-in devan Ministè Ekonomi ak Finans, pou al chache chèk yo. 

Nap raple, Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Nesmy Manigat, te prezante ak laprès plis pase 500 lèt nominasyon nan mwa avril pase a bay pwofesè ki soti nan plizyè fakilte tankou;  » École Normale Supérieure (ENS), Formation Initiale Accélérée ( FIA), École Nationale des Arts (ENARTS) epi École Nationale de Géologie Appliquée (ENGA) »  ak anpil lòt ankò. 

Pwofesè sa yo, te tou kòmanse anseye depi aprè nominasyon yo, selon temwanyaj yo, yo di yo pa resevwa okenn chèk pandan mwa sa yo, alòske yo toujou al travay epi yo gen responsabilite sou kont yo. Pandan konferans lan Ricardo Leblanc te mande minis lan ak tout akolit li yo pou yo rekonpanse efò pwofesè sa yo. 

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Articles Similaires

1 of 1 155

Laisser un commentaire