NETALKOLE

Pwogram Biden: benefisyè Ayisyen ak Kiben yo ap resevwa 400 dola chak mwa

Ayisyen ak Kiben yo ki apwouve pou pwogram Imanitè administrasyon Biden nan mete sou pye a gen dwa a 400 dola meriken chak mwa, koupon pou manje ak asirans sante,  pandan yon peryòd 8 mwa. Èd sa yo disponib atravè Biwo Re enstalasyon Refijye a (ORR), men migran Nikaragweyen ak Venezyelyen yo pou Kounye a, poko kalifye pou itilize program sa a, rapòte jounal ameriken an NBC Miami.

Vrèman vre, Migran Kiben ak Ayisyen yo ki rive Ozetazini nan kad nouvo pwogram libète imanitè a kalifye pou èd finansyè. 2 gwoup migran sa yo
elijib pou anviwon 400 dola chak mwa, ansanm ak koupon pou manje ak asirans maladi  pou yon peryòd 8 mwa atravè  Biwo Re enstalasyon Refijye a.
Sepandan, migran Nikaragweyen ak Venezyelyen yo poko elijib pou kounye a pou benefisye ak sèvis refijye ORR finanse a.
N ap raple, Administrasyon Biden nan te anonse 5 janvye pase a jiska 30,000 moun pa mwa ki soti Kiba, Ayiti, Nikaragwa ak Venezyela gen posiblite antre nan peyi Etazini  pou 2 lane, avèk yo otorizasyon travay. Pou moun sa yo antre nan peyi a y ap sèlman bezwen yon esponsò nan peyi Tonton Sam nan.
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Articles Similaires

1 de 1 075