6 bagay ki dwe motive w pou w leve kanpe, aprè w fin pran yon echèk nan viw

Kethia Saint Marc
ParKethia Saint Marc- Rédactrice
6 bagay ki dwe motive w pou w leve kanpe, aprè w fin pran yon echèk nan viw
Echèk se yon bagay majorite moun fè rankont avè l nan vi yo. Ou kapap rankontre l nan divès domèn nan vi a; swa nan vi ekonomik ou, swa nan vi entèlektyèl ou, oubyen nan vi santimantal ou elatriye. Gen echèk yon moun fin pran nan vi l, li konn kite yon sikatris sikolojik egzajere nan li, sitou lè se nan vi santimantal.
Gen moun ki konn vle abandone tout bagay nan vi sa san vire gade dèyè, genyen ki konn menm rive tiye tèt yo tèlman sa yo rankontre yo twòp pou yo. Genyen tou ki te tèlman kwè nan tèt yo, yo pat janm panse yon jou yo t ap rive nan wout echèk la, sa vin lakoz yo pèdi kontwòl tèt yo.
Men 6 bagay ki ka motive w pou w leve kanpe aprè w fin konnen yon echèk nan viw
1) Ou sipoze fè yon rekil
Gen sitiyasyon ou twouve w nan vi sa, li mande swa pou w fè yon repliye oubyen pou w fè yon rekil. Gen moun ki konn pran plezi pandan yo fin pran echèk la y ap kontinye fwonse, poutan li pa yon bon metòd. O kontrè lè w chwazi pran rekil la, w ap konn ki sa pou w fè epi, w ap kapab dekouvri ki sa ki te fè w tonbe nan sitiyasyon sa.
2) Aksepte moman difisil yo
Nou kapab di moman difisil yo fè pati matyè ki konpoze lavi a. Ou rankontre yo prèske tout kote ou ka fin rezoud youn epi ou tonbe nan yon lòt, poutan gen moun ki pa vle aksepte ak sa. Se sak fè, lè yo kwaze ak difikilte yo, yo tou prè pou yo tiye tèt yo ki se yon siy feblès. Nou sipoze dakò moman sa yo epi n ap wè kòman n ap travèse yo ak siksè.
3) Ou dwe konsyan de erè w yo
Anpil moun gen tandans akize lòt moun lè yo fin pran echèk nan vi yo. Poutan li pa sipoze konsa, o kontrè ou dwe rantre nan ou menm pou w ka wè ki sa ki te fè w rive la. Lè konsa, l ap pi bon epi w ap sispann akize moun epi w ap kapab sòti ak yon bon rezilta.
4) Evite tout chimen ki ka ka kondwi w nan menm erè a
Anpil sitwayen gen memwa kout, yo renmen bliye rapid, alòske nou sipoze aprann sou erè nou yo pou n pa repwodwi yo ankò. Chimen yo prezante sou tout fòm; li kapap yon zanmi ou frekante, li kapab yon espas ou konn ale, li kapab tou yon aktivite ou konn patisipe elatriye. Nou sipoze koupe tout pon ki ka kondwi nou nan menm echèk la, si non, n ap kontinye rete chak jou nan vin nou.
5) Fè zanmi ak moun ki gen matirite, ki ka baw kèk konsèy epi ki ka ede w sòti nan moman difisil yo
Chak moun ta sipoze genyen yon bon zanmi ki ka reprezante yon konseye pou yo. Poutan anpil nan nou konn jis gen yon zanmi sou fòm ki pa menm ka ba nou yon konsèy lè nou nan yon moman difisil. Nou dwe konn ki moun pou nou dwe frekante, si nou pa ka benefisye anyen nan yon zanmi menm yon ti mòso konsèy, nou dwe koupe fache ak moun sa.
6) Dakò fèmen paj echèk la pou w ouvri yon lòt paj nan vi w
Nou dwe sispann vire je gade erè ki pase yo, nou dwe kondane yo nan pase. Si non n ap kilpabilize tèt nou, kòpòtman sa yo ap enpeche nou fèmen paj sa a pou n ouvri yon lòt. Gen yon panse ki di  »echèk la se yon siksè li ye », sa vle di li se yon wout ki kapab mennen nou nan siksè a.
Depi w ap mache se nòmal pou w tonbe, men ou dwe goumen pou w pa ret atè a. Gen yon nivo pou w atenn nan sosye a, fòk ou pase nan chimen echèk la, paske l pral sèvi w yon sous motivasyon pou w ka atenn objektif ou. Donk, ou dwe lite ak tout sa ki ka anpeche w reyisi nan vi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc Rédactrice
Follow:
Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.