Chanm Komès ak Endistri Ayisyen-Kanadyen an (CCIHC) anonse yon nouvo konsèy nan tèt estrikti a 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
chanm komès ak endistri ayisyen kanadyen an (ccihc) anonse yon nouvo konsèy nan tèt estrikti a 

Nan yon avi ki pibliye sou paj ofisyèl li ayè madi 17 janvye 2023 a, Chanm Komès ak Endistri Ayisyen-Kanadyen an, (CCIHC), anonse yon chanjman nan konsèy komite chanm lan, pou yon manda 2 lane. 

Nan avi ki pibliye a nou ka li,  » Chanm Komès ak Endistri Ayisyen-Kanadyen an (CCIHC) vle konseye an patikilye manm li yo, patnè nasyonal ak entènasyonal li yo ak piblik la an jeneral, nan fen Asanble Jeneral Òdinè li ki te fèt 10 desanm 2022 a, yon Nouvo Konsèy Direktè te eli pou yon manda 2 lane (2022-2024) », tradiksyon Kreyòl Ayisyen nòt sa a ki pibliye an Fransè sou paj yo a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Toujou nan deklarasyon an, yo anonse non nouvo manm yo ki pral gen pou asire diferan tach 

– Gerard Laborde, Prezidan  

– Jean Robert Estimé, Vis-Prezidan  

– Michel Lamarre, Vis-Prezidan  

– Nathanaël Jean Julien, Sekretè 

–  Nathalie P.L Laroche, Asistan Sekretè 

–   Claudel H. Dumas, Trezorye 

- Advertisement -
Ad imageAd image

–    Pierre Dumouchel, Trezorye Adjwen  

– Michelle F. Mourra, Konseye 

– Philippe Rocourt, Konseye 

- Advertisement -
Ad imageAd image

– Michèle Jean Pierre, Konseye 

– Elizabeth Lafontant, Konseye 

– Yvette Edouard Augustin, Konseye 

Pou rapèl, Konsèy sa a gen yon manda 2 lane ki se, 2022-2024, yo pral gen pou asire yon bon jesyon chanm lan epi kontinye kenbe flanbo a jiska yon nouvo konsèy. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.