Ramos konseye Harry Kane pou l siyen nan Real Madrid

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
ramos konseye harry kane pou l siyen nan real madrid

Aprè depa Benzema, Real Madrid ap chache yon atakan pou sezon k ap vini an. Harry Kane se youn nan sib Merengue yo pou mèkato ete a. Nan sans sa, ansyen kapitèn Real Madrid la, Sergio Ramos, voye yon mesaj klè bay atakan anglè a « pou l pa refize opòtinite Real Madrid ap ofri l la ». Kane se yon jwè ki prèske gen menm pwofil ak Benzema k ap kapab ede Vinicius ak Rodrygo devan an.

Real Madrid k ap chache yon atakan pou ranplase Karim Benzema, wè nan Harry Kane jwè ki gen potansyalite pou ta vin kontinye travay atakan Fransè a. Merengue yo ap bezwen 100 milyon ewo pou konvenk Tottenham pou jwè a. Nan jounal Mirror, ansyen defansè PSG a voye yon mesaj bay Harry Kane konsènan posib transfè li nan Real Madrid.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Konsèy mwen ak tout jwè foutbòl, se pa janm refize opòtinite pou yo jwe nan Real Madrid. Se yon klèb ki espesyal ki konn kijan pou l genyen. Harry Kane gen yon bon pisans fizik, nenpòt jwè paka make tout gòl sa yo nan Premier League la jan l fè l la. Li se yon jwè ki teknik, se yon gran bitè, yon gran jwè foutbòl », deklarasyon defansè espanyòl la.

Jwè ki pran 22 tit ak Real Madrid pou 16 sezon li te pase ak madrilèn yo te kontinye konsa aprè yo te poze l yon kesyon ki konsène Benzema : « Harry Kane p ap janm ka ranplase Karim Benzema, pou sa li rive fè nan klèb la. Men se yon atakan ki gen anpil kalite ».

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive