Ratman gaz : Sèvis Anbilans (SAM) sispann aktivite li yo 

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
ratman gaz sèvis anbilans (sam) sispann aktivite li yo 

Depi plizyè mwa peyi a ap fè fas ak yon mank gaz, sa ki lakòz plizyè enstitisyon nan peyi a paka fonksyone. Se nan kontèks sa Sèvis Anbilans (SAM) nan yon nòt pou laprès ki pibliye 3 oktòb 2022 a, te anonse sispansyon sèvis li yo akòz kriz gaz la. 

Aprè sispansyon sèv is plizyè enstitisyon, Sèvis Anbilans (SAM) ap agrandi lis la. Atravè yon nòt pou laprès enstitisyon an pibliye ayè lendi 3 oktòb 2022 a SAM fè konnen li pa t kapab bay sèvis transpò medikal li yo ankò akoz rezèv gaz li yo ap diminye pske li enposib pou jwenn gaz. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Anplis de sa, li pwofite enfòme manm li yo dat ekspirasyon plan pwoteksyon anbilans yo pral pwolonje pa 30 jou. 

Nap raple, Kriz gaz la kontinye mennen peyi a nan dezòd.  Konpayi yo kontinye kanpe aktivite yo akòz kriz sa a.  Gen kèk ki redwi sèvis yo oswa kantite jou fonksyònman yo, gen lòt  ki menase fèmen pòt yo. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.