Jodi vandredi a, tiraj Mondyal Klèb yo rive fèt Rabat nan vil Mawòk. Real Madrid ki tou kalifye pou demi final, ap gen pou l jwe mwa fevriye fas ak ekip k ap kalifye aprè premye faz avan yo. Yon kalandriye ki chanje pou « Merengue » yo.
Aprè kalifikasyon Real Madrid pou final Koup Espay, kote l pral gen pou l afwonte Barcelone, premye klasiko pou ane 2023. Jwè Ancelotti yo ap gen pou misyon al chache tit Mondyal Klèb yo, yon konpetisyon yo pran plizyê fwa deja.
Mondyal Klèb yo ap lanse mwa fevriye, kote nan premye tou a ekip Auckland City ap jwe ak Al-Ahly. Ekip ki bat match sa a pral rankontre Seattle Sounders, yon klèb ameriken nan kadefinal. Gayan match sa pral jwe ak Real Madrid nan demi final.
Pou lòt demi final la, ekip Flamengo a ap tann gayan match Wydad AC ak Al Hilal. Li posib pou Mondyal Klèb yo bay yon final ant Real Madrid ak Flamenco.
Facebook Comments