Real Madrid kraze Barcelone nan Camp nou epi file nan final Copa del Rey

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
real madrid kraze barcelone nan camp nou epi file nan final copa del rey

Pou 3zyèm Klasiko nan ane 2023, Real Madrid malmennen FC Barcelone nan Camp Nou an (4-0), jodi mekredi a, pou demi final Copa del Rey la. Karim Benzema ak Vinicius fè Catalan yo pase yon move moman lakay yo, devan piblik yo. Final Copa del Rey la ap mete Real Madrid fas Osasuna.

Real Madrid ratrape l nan match retou demi final Copa del Rey la, nan match ale a Barcelone te genyen Madrilèn yo (0-1), jodi mekredi a, gras ak Karim Benzema, ki fè 3 gòl ak yon pas gòl epi yon Vinicius, jwè Barcelone yo pat ka kenbe nan match la, fè yon gòl ak 2 pas gòl epi pwovoke yon penal.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Real Madrid rejwen Osasuna nan final Copa del Rey la, Balon dò 2022 a reyalize yon lòt triple aprè sa l te fin fè 3 gòl fas ekip Valladolid la nan festival Real Madrid la nan Liga week-end pase a. Ansyen entènasyonal fransè a anfom pou mwa mas la. Sa fè atakan Merengue a 25 gòl ak 6 pas gòl sou tout match li jwe sezon sa.

Yon lòt bò, defèt sa se yon desepsyon pou ekip Xavi a ki te pran Super Koup Espay la fas ak Real epi ki sou wout pou ta pran Liga. Jwè Xavi yo te swete retire yon lòt tit nan men Real pou sezon sa, se yon gwo wont pou defans Catalan yo ak Ter Stegen ki sot pase 20 match nan sezon sa san pran gòl kote l pran selman 9 gòl nan Liga, ekip la pran 4 nan yon sèl match devan 94 mil moun nan Camp Nou an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive