Sè Laura di se teste BONDYE t ap teste l, ki fè l pa prezidan

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
sè laura di se teste bondye t ap teste l, ki fè l pa prezidan

Se menm sè Laura sa a ki te predi lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse la, epi ki ta pral deklare nan mikwo laprès, « si l pa prezidan peyi a anvan 2022 fini, se pou l mouri », daprè tout dènye deklarasyon li te fè yo, li te fè konnen, enstalasyon l kòm prezidan peyi a anvan 2022 fini an, se yon garanti li jwenn nan revelasyon l atravè konfimasyon BonDye. Ebyen jodi a li anonse, se te yon tès BonDye t ap pase l.

Entènèt la te pran chofe aprè seri deklarasyon chokan sa yo sè Laura te fè yo, soti nan mwa me pou rive nan mwa jen 2021. Jou pase, mwa pase, ane pase… Sè Laura pa prezidan, pwofesi a jan l te vle fè kwè a pa akonpli, a plizyè repriz pandan kòmansman mwa janvye 2023 a plizyè gwo emisyon nan kapital la te eseye rantre an kontak ak li nan sousi pou konnen rezon ki fè l pa enstale, paske te gen yon fokis sou li depi aprè seri deklarasyon l yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se finalman jodi 12 mas 2023 a, gras ak yon entèvyou li bay jounalis envestigatè a, ABED, sè Laura defann tèt li fas ak latriye griyen dan ki gen sou li sou rezo sosyal yo  » BonDye t ap gade kijan m ap reyaji se sak fèl pa kite m prezidan peyi a » se youn nan deklarasyon l yo, pandan li fè konnen tou, ayisyen ta pral adore l, pranl pou deyès, li pa kite BonDye wont jan Moïse te fè BonDye wont lan, konsa li te pran pale nan entèvyou sa a ki pibliye nan aprè midi 12 mas 2023 a.

Sè Laura, ki rele tèt li pwofetès, te deklare nan mikwo Maten Deba, prezidan Jovenel Moïse ap mouri nan ane 2021, li te fè deklarasyon sa kèk mwa anvan lanmò 58yèm prezidan repiblik la, pyès moun pa ka di si se emosyon ki te pran monte sè a, oubyen si se reyalite pèsonèl l ap viv la, li ta pral deklare se li k ap ranplase defen Jovenel Moïse nan palè nasyonal kòm dirijan peyi a, li te menm sèmante sou lavi l.

Antouka, si anpil moun te pran deklarasyon sa yo a lejè oubyen yon senp ensolit, sa pat anpeche sèten lòt kwè, paske, sè a te plede Dye mizerikòd se BonDye ki garanti l sa, kounye a se te yon senp tès.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.