Rektora Inivèsite Leta a denonse kidnapin pwofèsè Pierre Buteau a 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
rektora inivèsite leta a denonse kidnapin pwofèsè pierre buteau a 

Nan yon nòt piblik ki pataje sou rezo sosyal yo ayè madi 24 janvye 2023 a, Rektora Inivèsite Leta a denonse zak kidnapin ki fèt sou pwofèsè Pierre Buteau lakay li nan Tomasen 32, byen bonè nan maten ayè madi an. 

Rektora Inivèsite Leta a, nan nòt sa, fè konnen se avèk anpil emosyon epi endiyasyon yo aprann nouvèl kidnapin sa ki fèt sou pwofèsè Buteau a ki se egalman Prezidan yon asosyasyon espesyalize nan kesyon rechèch ki pote non Sosyete ayisyèn istwa, jewografi ak jewoloji. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè Rektora a, Pierre Buteau ki te okipe divès fonksyon nan Inivèsite a tankou dwayen fakilte IERAH/ISERSS, se yon pwofèsè ki gen anpil respè nan kominote inivèsitè a kote l gen plis pase 20 lane ap anseye. 

Pierre Buteau ki twouve l nan men kidnapè yo depi ayè madi an, te egalman okipe fonksyon Minis edikasyon nasyonal epi Vis prezidan Kominote nasyonal Route de l’Esclave daprè nòt sa Rektora a pibliye an pou kondane zak sa. 

RUEH la mande liberasyon rapid vit pwofèsè a ki, daprè sa ki fè konprann nan nòt sa, se yon moun ak anpil jenewozite, entegrite avèk yon gran kilti jeneral. Rektora a fè konnen li pote soutyen l ak tout kominote a ki touche aprè zak sa. 

Inivèsite Leta a ki gen plizyè pwofèsè ki viktim kidnapin pandan de dènye ane sa yo kwè lè a rive pou tout kouch sosyete an pran responsablite yo pou rezoud pwoblèm sa k ap ravaje popilasyon an ki lage pou kont li. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.