Repiblik Dominikèn: Arestasyon yon resòtisan ayisyen pou vyòl

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
repiblik dominikèn arestasyon yon resòtisan ayisyen pou vyòl

Ajan Direksyon santral envestigasyon kriminèl nan peyi Repiblik Dominikèn mete lapat sou Elier Adtidos, yon resòtisan ayisyen ki vyole yon tifi de lane nan Cayuco, yon pwovens nan vil fwontalye Dajabón.

Endividi sa ki gen 35 lane, jwenn arestasyon l aprè otorite Lapolis yo nan peyi Repiblik Dominikèn ki ta pran l an flagran deli k ap vyole minè sa ki ta pitit yon moun ki pwòch li ki se egalman yon resòtisan ayisyen.

Yon medsen jinekològ ki sòti nan Enstiti nasyonal syans jidisyè (INACIF), aprè evalyasyon medikal, sètifye te gen vyòl ak penetrasyon sou timoun sa idantite l pa revele pou rezon sekirite.

Elier Adtidos ki nan men Lapolis depi aprè arestasyon sa, fèmen nan prizon annatandan pouswit jidisyè yo kote otorite dominikèn yo anonse y ap fè tout sak depann de yo pou timoun sa ak fanmi l jwenn jistis aprè zak sa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.