Men kèk mo ou dwe evite repete lè w ap pale ak yon fanm ki viktim vyolans seksyèl

Ravensley Boisrond
ParRavensley Boisrond
men kèk mo ou dwe evite repete lè w ap pale ak yon fanm ki viktim vyolans seksyèl

Vyolans seksyèl se yon krim twomatik ki ka kite gwo sikatris lakay viktim yo. Byenke sosyete a tanmen rekonèt gravite fòm vyolans sa a, souvan viktim yo ap konfwonte ak atitid ak kòmantè ki ka fè doulè yo vin pi mal. Kidonk, li esansyèl pou w konnen sa pou w di ak sa pou w evite di lè w ap pale ak yon fanm ki te viktim abi seksyèl.

Sispann repete :

- Advertisement -
Ad imageAd image
  • « Poukisa ou pa t anpeche li vyole w ? » Kesyon sa a ka fè viktim nan santi li responsab sa ki rive l la ?
  • « Mwen pa ka kwè sa rive ou. » Fraz sa a ka minimize atak la epi fè viktim nan santi li izole nan move eksperyans li fè a
  • « Èske ou depoze yon plent ? » Kesyon sa a kapab pèsistan epi mete presyon sou viktim nan pale sou bagay sa yo pa pare pou pataje.
  • « Ou dwe santi ou soulaje, sa fini. » Afimasyon sa a minimize doulè viktim nan epi li ka fè li santi yo mal konprann li.
  • « Ou dwe padone. » Fraz sa a ka mete presyon sou viktim lan pou l padone agresè li a, sa ki ka difisil oswa menm enposib.
  • « Mwen konnen egzakteman ki jan ou santi ou. »Malgre yon moun ka fè menm eksperyans lan men, chak viktim inik epi yo ta dwe trete yo ak respè epi sansiblite.
  • « Ou sanble genlè anfòm kounye a. » Fraz sa a ka vle di viktim lan simonte doulè yo, lè sa an reyalite konsekans emosyonèl vyolans seksyèl yo toujou la e ka dire lontan.
  • « Ou ta dwe bliye sa. » Fraz sa a minimize gravite agresyon an epi li ka fè viktim nan santi li dwe kenbe eksperyans li trankil.
  • « Li pa defini ou. » Malgre fraz sa gen bon entansyon, men li ka fè viktim nan santi li dwe bliye eksperyans sa olye yo aksepte li ak trete li ak respè.
  • « Mwen pa ka sipòte tande sa. » Malgre doulè viktim nan ka difisil pou yon moun tande, men fraz sa a ka fè viktim lan santi li se yon chay pou antouraj l

Lè w ap pale ak yon fanm ki te viktim abi seksyèl, li enpòtan pou w pran l an konsiderasyon, respekte l epi montre l senpati w pou li. Li enpòtan pou pèmèt viktim nan pale lib, san jijman epi bal sipò san kondisyon. Lè nou la pou yon fanm ki viktim vyolans seksyèl, nou ka ede l soti nan silans li epi ankouraje l nan gerizon l.

NB: Pou reyalizasyon travay sa redaktè a te pale ak plizyè pwofesyonèl nan sante mantal ki konsilte fanm ki viktim vyolans seksyèl ak konsilte divès dokiman ki pale de sijè sila.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Journaliste, Amateur de littérature et de la photographie, grand passionné du multimédia