UNNOH prevwa yon rantre lekòl rate pou 3 oktòb k ap vini an 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
unnoh prevwa yon rantre lekòl rate pou 3 oktòb k ap vini an 

Fas ak ensètitid ki genyen sou jounen 3 oktòb k ap vini la ki fikse pou rantre lekòl la pou ane akademik 2022-2023 a, Inyon nasyonal nòmalyen ayisyen kwè se yon rantre lekòl ki rate akoz dimansyon kriz la nan peyi a. 

Daprè kwòdonatè UNNOH a, Josué Merilien, okenn enstitisyon eskolè pa ka pretann yo an mezi pou ouvri pòt yo nan jan konjonkti an ye la. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Josué Merilien kwè gouvènman defakto Ariel Henry a bloke tout posiblite pou ta kapab gen yon rantre lekòl san kè sote akoz ogmantasyon pri gaz la nan ponp yo, nan yon moman kote popilasyon an pa menm ka manje. 

Sendikalis la mande minis edikasyon nasyonal la, Nesmy Manigat pou bay eksplikasyon sou rantre lekòl tipa tipa li te anonse sou kont Twitter li an. 

Pwofesè Josué Merilien estime li enpòtan pou paran yo, anseyan yo ak elèv yo enplike yo nan batay pou libere peyi a ki anba grif PHTK, nan lide pou fasilite kreyasyon kondisyon pou yon rantre lekòl nan kalm. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.