Repiblik Dominikèn pa deside sispann depòtasyon an mas ayisyen yo

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
repiblik dominikèn pa deside sispann depòtasyon an mas ayisyen yo

Malgre apèl Nasyonzini te lanse pou peyi yo nan rejyon an sispann depòte ayisyen san papye yo, Repiblik Dominikèn pa deside bay vag kote Luis Abinader anonse y ap rapouswiv ak depòtasyon migran ki pa legal yo.

Chèf Leta dominiken an ki t ap reyaji sou entèvansyon Sekretè jeneral Nasyonzini an, Antonio Guterres, te fè sou sitiyasyon an Ayiti an anonse gouvènman l ap dirije a ap fè tout sa k depann de yo pou pwoteje teritwa yo an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nasyonzini te envite peyi yo nan rejyon an pou sispann ak diskriminasyon epi depòtasyon an mas migran ayisyen san papye yo, prensipalman sila yo k ap viv sou teritwa dominiken an.

« Li fasil anpil pou kritike yon peyi, pa sèlman kominote entènasyonal la, men egalman kèk nan responsab Nasyonzini yo ki rete chita dèyè biwo yo», deklarasyon Luis Abinader pou reponn Nasyonzini.

Chèf Leta dominiken an fè konnen y ap kontinye defann enterè yo, nan respè nòm dwa moun yo, pandan y ap rapatriye tout ayisyen san papye yo jan tout lòt peyi yo ap fè l la, prensipalman Etazini ki se youn nan peyi ki depòte plis ayisyen.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.