Malerezman, Ayiti se youn nan peyi ki pi afekte pa povrete, grangou ak mizè. Dapre Global Hunger Index 2020, Ayiti te klase 107yèm sou 107 peyi yo evalye an tèm de sekirite alimantè ak nitrisyon. Sepandan ayè Mèkredi 3 avril 2023 a, yon rapò mondyal sou kriz alimantè ajans Nasyonzini an, FAO, klase Ayiti pami sèt peyi ki ap soufri ak ensekirite alimantè. Anplis de sa, peyi a ap fè fas ak anpil lòt defi sosyo ekonomik tankou vyolans, ensekirite, enstabilite politik, koripsyon ak dezas natirèl souvan tankou siklòn, inondasyon ak sechrès.
Dapre dokiman sa a, mwatye nan popilasyon 7 peyi sa yo ap fè fas ak gwo grangou ak mizè. Sèt peyi sa yo se:
-Somali -Afganistan -Burkina Faso -Ayiti -Nijerya -Sid Soudan -Yemèn.
Mete sou sa, Òganizasyon Onizyèn nan fè konnen yo konstate sitiyasyon popilasyon 7 peyi sa yo, pou katriyèm ane konsekitif an 2022 sibi yon ogmantasyon nan moun ki nan gwo ensekirite alimantè ki bezwen asistans ijans.
Daprè menm rapò sa a, apeprè 258 milyon moun nan 58 peyi ak teritwa te fè fas a ensekirite alimantè nan 2022 akòz konfli, chanjman klimatik, efè pandemi COVID-19 ak lagè nan Ikrèn.
N ap raple, sitiyasyon ekonomik difisil sa a fè popilasyon an vilnerab ak grangou epi malnitrisyon. Vrèmanvre, aksè a ase manje, divèsifye ak nourisan limite pou anpil moun an Ayiti. Mete sou sa, fenomèn grangou a vin pi mal nan tout kwen nan mond lan, dapre rapò anyèl la, ki te pwodwi pa rezo ajans Nasyonzini yo, Inyon Ewopeyen an, ajans gouvènmantal ak non-gouvènmantal yo, k ap travay ansanm pou bay yon repons pou kriz manje mondyal la.
Facebook Comments