Repiblik Dominikèn pa p nan fòs militè etranje k ap gen pou vini Ayiti an 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
repiblik dominikèn pa p nan fòs militè etranje k ap gen pou vini ayiti an 

Prezidan dominiken an, Luis Abinader bay garanti Repiblik Dominikèn pa p gen pou fè pati fòs militè etranje k ap gen pou debake Ayiti pou vin rezoud kriz ki gen nan peyi an sou demann gouvènman ayisyen an. 

Pandan pasaj li sou fwontyè a, nan Dajabón, dimanch 9 oktòb, Luis Abinader bay asirans peyi Repiblik Dominikèn ap sèlman kapab jwe yon wòl diplomatik nan kriz Ayiti a san patisipe nan yon posib fòs militè entènasyonal k ap gen pou vin retabli lapè. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè Chèf Leta dominiken an, se Konsèy sekirite Nasyonzini an k ap gen pou diskite epi pwograme entèvansyon sa an Ayiti. Luis Abinader presize, peyi Repiblik Dominikèn pa manb pèmanan konsèy sekirite an. 

Pou prezidan dominiken an, demach gouvènman ayisyen an pou mande entèvansyon militè etranje an Ayiti fè sans, menmsi li admèt okenn peyi pa swete sa. 

Pandan konferans pou laprès, Luis Abinader anonse fwontyè an ap fèmen pandan yon moman avan entèvansyon pasifik Nasyonzini an Ayiti, e okenn refijye ayisyen pa p gen dwa rantre nan peyi Repiblik Dominikèn si ta gen eskalad nan peyi a. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.