Roberto Badio Louima brize silans li aprè l te fin sove kite ekip Moca a Etazini

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
roberto badio louima brize silans li aprè l te fin sove kite ekip moca a etazini

Sa gen yon semèn Roberto Badio Louima te sekwe entènèt la lè l te deside sove pandan l ta ale jwe Etazini. Ansyen jwè Violette la esplike chwa sa nan yon piblikasyon sou Facebook.

Louima te estime l bon pou l bay fanatik li yo esplikasyon menm lè l pa dwe sa. Se nan sans sa li t ap esplike rezon ki fè l deside rete nan peyi Etazini aprè li te fin jwe épi elimine kont ekip Nashville la nan Concacaf Champions Cup la. Jwè a te sou fòm prè nan ekip Moca a depi mwa fevriye a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Se te tout yon plezi pou m te al jwe pou yo men lè m rive, kondisyon ki te sou tab la nan moman m t ap siyen an pa t respekte. M te konn ap mache a pye pou m al antrene 2 fwa pa jou, m pat nan bon kondisyon lojman tou. M te mande amelyorasyon e bagay yo pa t ale janm te swete a e m te deja gen nan plan m pou tounen nan peyi m », li t ap esplike. Se yon seri kondisyon ki revòlte entènasyonal ayisyen an.

« Gen kèk bagay m pa swete pale men retounen pou m al jwe LDF la pa t yon opsyon pou mwen e se youn nan bagay ki esplike chwa mwen an. M se yon jèn gason ki soti Pènye, m fè anpil efò pou m pa tonbe nan sa k pa sa, mwen ede peyi m a travè talan mwen, men se domaj m pa jwenn apresiyasyon m te swete yo », li fè konnen.

Se pa premye fwa yon jwè sove kite ekip li, sa fèt souvan sitou lè jwè ki soti nan peyi an difikilte ekonomik yo al jwe Etazini. Kiben yo se youn nan nasyon ki gen pratik sa a. Men, li ra pou n jwenn yon jwè pote esplikasyon apre l fin komèt zak sa. Sove kite ekip la, se toujou nan optik pou jwè a chèche yon lavi miyò.

« Opinyon n ap veyikile sou rezo sosyal yo pa chanje anyen nan lavi foutbolè yo. De jou an jou, sa vin pi mal e se nou menm ankò ki pou soti tèt nou. Pou m fini, m ap di nou m renmen nou tout e m kwè Ayiti pa p peri », konsa l fini.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.