Romain Molina kondane pou difamasyon kont Yves Jean-Bart

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
romain molina kondane pou difamasyon kont yves jean bart

Yon lòt epizòd nan feyton Molina-Dadou a. Tribinal jidisyè Paris a kondane jodi madi 6 jen an jounalis Romain Molina pou difamasyon kont ansyen prezidan Federasyon ayisyèn foutbòl lan.

Avoka Doktè Yves Jean-Bart yo ki te pote plent pou Romain Molina sou akizasyon abi seksyèl nan foutbòl ayisyen an, sanble genyen koz la yon lòt fwa ankò. Daprè Radio Télé Galerie, tribinal jidisyè Paris a kondane jounalis aktivis la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Tribinal jidisyè Paris a kondane Romain Molina pou difamasyon kont Yves Jean-Bart », tradiksyon nan lang kreyòl piblikasyon Radio Télé Galaxie a ki tou anonse rès detay yo ap vini aprè.

Aprè Tribinal abitral espò (TAS) te fin anile sanksyon FIFA ki te mete ansyen prezidan Federasyon ayisyèn foutbòl la (FHF) deyò nan tout aktivite foutbòl jiskaske l mouri, se tou pa tribinal koreksyonèl Paris a ki tranche anfavè Doktè Yves Jean-Bart.

Toutfwa, malgre desizyon sa yo k ap sòti anfavè ansyen prezidan FHF la, dirijan FIFA yo kontinye kanpe an kwa pou anpeche Yves Jean-Bart retounen nan tèt federasyon an jan l te anonse sa nan dènye konferans pou Laprès li an.

Depi plis pase de lane, Federasyon ayisyèn foutbòl la gen nan tèt li yon ekip k ap asire enterim lan sou non Kominote nòmalizasyon, sou direksyon Luis Hernandez, Madam Monique André epi Yvon Sévère.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.