MENFP anonse enskripsyon pou yon nouvo sesyon rekale

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
menfp anonse enskripsyon pou yon nouvo sesyon rekale

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP), nan yon kominike, fè piblik la an jeneral ak kominote edikatif la an patikilye konnen dezyèm sesyon egzamen bakaloreya pou kandida ki te echwe nan ane akademik 2022-2023 Sant Pèmanan Evalyasyon an ap fèt soti 31 jiyè rive 3 out 2023 a.

Pou sa, enskripsyon kandida yo planifye pandan peryòd 5 pou rive 23 jen 2023 nan tout Direksyon Depatmantal Edikasyon (DDE) yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Kondisyon patisipasyon:

1. Fich patisipasyon pou dènye tès yo oswa sètifika MENFP;

2. De foto paspò;

3. Frè patisipasyon de mil (2,000) goud pou chak kandida.

Kandida rekale ki nan dènye ane yo, gen dwa patisipe nan tès yo, yo pral konpoze sèlman nan matyè yo pa fè nòt pasaj yo (anrejistre nan baz done BUNEXE la) pou yon peryòd 2 ane apre evalyasyon an. Sinon, yo pral oblije reprann tout matyè yo nèt, daprè presizyon Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl.

Yon lòt bò, Ministè a mande direktè depatmantal yo pou yo pran tout dispozisyon pou pwosesis enskripsyon kandida konsène yo byen dewoule.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.