Sadio Mané ap rate match ale PSG-BAYERN nan

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
sadio mané ap rate match ale psg bayern nan

Aprè senegalè a te rate Mondyal 2022 a, yon randevou enpòtan nan karyè li. Jodi a vandredi a, Julian Nagelsman fè konnen Sadio Mané pral rate retou Champions League la fas PSG pou 14 fevriye kap vini la, antrenè a fè konnen jwè ap byen konpòte l aprè l te fin blese a.

14 fevrye kap vini la se pral 8tyèm final ale Champions League la ant PSG-BAYERN. Yon rankont ki anonse anpil chalè ak batay sikolojik. PSG ki pap ka konte sou Kylian Mbappé akòz li blese pou 3 semen. Ekip Bayern nan pap ka konte sou Sadio Mané ki poko fin anfom, kidonk Match ale sa ap fèt san 2 star nou sot site la yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sadio ki pa jwe depi kèk mwa pap kapab jwe match ale Champions League la fas PSG. Nan yon konferans pou laprès, Julian Neglesman fè konnen Mané poko fin anfòm pou match chòk sa.

 » M ap tann li retounen mitan oubyen fen fevrye. Nouvèl yo bon, jwè a pa pi mal. Men kont Paris, l ap rate match ale a ». Se sa antrenè a deklare.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive