Prezidan Salvadò a prezante yon prizon 40 mil plas

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
prezidan salvadò a prezante yon prizon 40 mil plas

Prezidan peyi Salvadò a, Nayib Bukele kontinye ap fè pale de li nan kad gwo operasyon l ap mennen pou pwòpte teritwa li a kont gang k ap opere yo. Chèf leta, ki di li detèmine pou rann Salvadò blan kou koton, prezante madi pase a yon prizon 40 mil plas pou mete prezime manb gang yo.

Pwopriyete sila chita kò l sou 166 ekta tè, li gen yon douzèn paviyon ki pran 23 ekta poukont yo, daprè ministè Travo piblik peyi a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

“Sant konfinman teworis”, se konsa gouvènman Salvadò a batize prizon sila ki gen yon sistèm siveyans avèk plizyè sikwi videyo ak eskanè pou veye tout moun k ap sòti oubyen antre anndan an pi gwo prizon Amerik la, daprè minis salvadoryen Travo piblik la, Romeo Rodríguez.

Sant kaseral la plase nan yon zòn riral ki izole nan yon vale tou pre Tecoluca, ak 74 kilomèt nan sidès San Salvadò. 600 sòlda ak 250 polisye deja mobilize pou siveye l. Epi anndan, se gadyen Direksyon jeneral sant penitansyè yo k ap asire sekirite a. Selil yo fèt an beton ame epi gwo ba fè.

Prezidan Nayib Bukele fè enspeksyon yo an pèsòn. Li menm deklare « gouvènman ki te la avan l yo te genyen manb gang nan prizon yo ki jwenn pwostitiye pou bezwen pèsonèl yo, yo te gen jwèt tankou “Playstation”, yo te gen tele, telefòn ak òdinatè » yon fason pou te rekonpanse yo. Kounya sa fini !

Prezidan pa presize kilè premye prezime gang lame ak lapolis arete yo ap gen pou fèmen la, total arestasyon yo nan 63 mil. Òganizasyon defans dwa moun yo kritike administrasyon li a anpil akòz arestasyon an mas epi san manda fòs lòd yo fè.

Kongrè a te apwouve mezi sila sou demand prezidan Bukele aprè 87 moun te mouri nan yon afwontman gang nan dat 25 pou al bout 27 mas pase a. Li gen 10 mwa depi li lanse vas operasyon sila kont gang yo ak tout konplis yo.

Vandredi pase a Human Rights Watch (HRW) te denonse “sipopilasyon ekstrèm” ki gen nan prizon yo nan peyi Salvadò aprè arestasyon san manda plizyè sispèk. 20 prizon peyi a genyen yo konte aktyèlman 30 mil prizonye.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.