Pati “Aksyon Patriyotik” di li kondane aksyon derespektan kèk dirijan politik k ap alimante pwoblè m ensekirite a nan peyi a. Estrikti politik la mande pou dosye tout moun sa yo Kanada ak Etazini sanksyone yo pataje ak lajistis Ayisyen an.
Nan yon nòt pou laprès Pati « Aksyon Patriyotik » fè konnen lè a rive pou ankouraje yon leta san patipri, nan yon jijman jis pou tout moun, tout pandan pati a di sa fè lapenn pou l konstate karavàn sa a kont enpinite entènasyonal la lanse a, se pa lajistis ayisyen an ki fè l.
Se nan sans sa a, « Aksyon Patriyotik » mande pou yo pataje dosye pèsonalite sa yo ki sanksyone yo ak sistèm jidisyè ayisyen an pou apwofondi envestigasyon sou sa yo sipoze kont moun konsène yo.
Anplis, estrikti politik la kwè peyi a bezwen yo renouvèlman nan kesyon elit politik-ekonomik la. Se sa k fè, pati a ankouraje jèn yo rasanble nan lide pou yon nouvo klas politik ki onèt.
Li enpòtan pou nou raple, Kanada te sanksyone politisyen sa yo ki se, Youry Latortue, Joseph Lambert, Michel Martelly, Laurent Lamothe, Jean Henry Céant, Rony Célestin, Hervé Fourcand ak Gary Bodeau pou trafik ilegal dwòg, blanchiman lajan, koripsyon ak finansman gang sou nan peyi a.
Facebook Comments