Costa Titch yon atis ki fè amapiano mouri sou sèn

Soph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste
ParSoph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste- Rédacteur
costa titch yon atis ki fè amapiano mouri sou sèn

Costa Titch yon atis ki sòti Afrikdisid ki te gen 27 lane selman mouri sou sèn nan Johannesbourg pandan li tap jwe yon pwogram samdi 11 mas 2023.

Dapre videyo konsè a nou ka wè sou  » Le parisien » atis la tonbe yon premye fwa epi releve byen rapid poul kontinye chante epi al retonbe pi devan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Costa Titch ki rele pou toutbon Costa Tsobanoglou, se te youn nan rapè ki pi popilè nan peyi Afrikdisid .Yo te konen li nan tout mond lan gras ak mizik amapiano li an ki rele « Big Flexa »ki popilè anpil sou rezo sosyal yo sitou tiktok. Sou YouTube videyo mizik sa gentan gade plis pase 45 milyon fwa.

Jiskaprezan yo poko konen ki rezon ki ta lakoz lanmò rapè a. Nan sans sa lapolis peyi Afrikdisid anonse nan dimanch 12 mas lan lap ouvri yon ankèt pou konen kisa ki responsab lanmò atis lan .Yon otopsi ta dwe fèt sou kò rapè a.

Plizyè moun, sitou sou rezo sosyal yo gentan reyaji sou lanmò atis la ki te apèn fè rimiks mizik « Big Flexa » avèk Akon .

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Etudiant en Sciences Juridiques Journaliste-rédacteur passionné de musique et de média