Sendikalis Changeux Méhu envite tout chofè pwovens yo reprann travay

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
sendikalis chanjeux méhu envite tout chofè pwovens yo reprann travay

Asosyasyon pwopriyetè ak chofè an Ayiti yo (APCH) anonse tout machin kapab rekòmanse travay sou wout Matisan ak Pòtay Leyogàn lan. Yon deklarasyon responsab sendika transpò a, Changeux Méhu, nan yon kout entèvyou ak redaksyon an jodi mèkredi a.

Responsab APCH la, Changeux Méhu, ansanm ak tout lòt estrikti k ap dirije zafè transpò nan peyi a, te kanpe tout sikilasyon nan zòn Matisan an nan lide pou te fasilite operasyon PNH yo nan katye 3èm sikonskripsyon Pòtoprens yo, espesyalman nan Vilaj De Dye. Aprè gwo defisi sa a Lapolis fè lendi 21 me a, kote bandi yo sezi yon zam PNH epi boule yon traktè pou enstitisyon an, plizyè moun lonje dwèt sou neglijans Lapolis la ak Leta pandan operasyon sila a, epi menm krache sou operasyon sa a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Kontakte l sou nimewo pèsonèl li, sendikalis Changeux Méhu deklare:  » Mwen te kanpe sikilasyon an pou fasilite lapolis pran kontwòl Matisan. Kòm se jwèt leta ap fè, nou mande pou yon ti bout tan pou tout machin sikile libelibè, annatandan leta pran responsabilite l », pandan li fè konnen si Lapolis vle mennen yon operasyon serye nan 3èm lan, se Soukomisarya a pou yo degaje yo kou mèt Janjak pou rekipere anba men bandi yo.

Sendikalis la fè konnen malgre sikilasyon an te kanpe nan zòn Matisan, bandi yo toujou fè gwo resèt nan men chofè yo e menm ogmante kòb la. « Pou moman m ap pale avè w la, pou w desann Jakmèl ak Okay, chofè a peye gang yo sou wout la 30 mil jiska 40 mil goud aleretou, pandan leta di l ap mennen operasyon, poukisa fasilite sa ? », sa li rapouswiv pou di.

Responsab la pèsiste pou montre yo te pran ansanm mezi sa tou akoz gwo kantite machin transpò piblik bandi yo t ap plede kidnape ak moun ladan yo, vòlè, epi kenbe pandan plizyè mwa. Pou moman sa a, machin Kafou ak Fontamata epi Bizoton kòmanse pase matisan, finalman ki konklizyon PNH tire de operasyon yo a ?

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.