Ekip Kominikasyon Lapolis Nasyonal d Ayiti a (PNH), nan yon nòt pibliye jodi mèkredi 24 me 2023 a, fè konnen Lapolis arete Jan Jude Thomas, alyas “Kal” ak Mede Jerry, alyas “Jeral”, manm gang 400 mawozo, nan lokalite Kourèt, komin Tomazo.
Daprè enstitisyon lapolis la, 2 manm enfliyan asosyasyon kriminèl ki rele “400 Mawozo” a, k ap opere nan Komin Kwadèboukè, jwenn arestasyon yo pandan yo te nan wout pou yo ale nan peyi vwazen an.
Yon lòt bò, Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) raple nan jou ki sot pase yo, konpare ak plizyè operasyon polisyè ki te vize demantle tout sant gang atravè peyi a, genyen bandi toujou ki gen tandans kouri pou pran refij nan lòt vil pwovens oswa nan Repiblik Dominikèn. Yon aksyon daprè PNH la ki ilegal.
Pou kounye a, Jean Jude Thomas ak Mede Jerry tou de 28 lane, nan prizon annatandan aksyon legal ki nesesè yo.
Kredi Foto: PNH