Senmak ap prepare l pou yon rantre lekòl 7 novanm k ap vini an 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
Photo : Bradley Maxence

2 mwa aprè premye dat ki te fikse pou rantre lekòl la, 5 septanm 2022, plizyè òganizasyon sosyete ak otorite lokal nan vil Senmak reyini pou gade kijan yo kapab ouvri pòt lekòl yo lendi 7 novanm k ap vini an. 

Malgre liy yo toujou pa bouje nan sa ki gen pou wè ak kondisyon sosyoekonomik ak sekirite nan peyi a, Site Nissage Saget a di li pare pou yon rantre lekòl 7 novanm k ap vini la aprè rankont plizyè òganizasyon sosyete sivil ak divès otorite nan vil la. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sou inisyativ sosyete sivil la, divès òganizasyon ansanm ak gwo responsab nan vil la rankontre pou deside sou kòman yo kapab louvri pòt lekòl yo ki rete fèmen malgre anons ministè a ki te fikse rantre lekòl la pou 3 oktòb. 

Nan rankont sa ki dewoule avèk patisipasyon responsab lameri, Lapolis, sosyete sivil nan Senmak, desizyon pran pou louvri pòt lekòl yo nan vil la lendi 7 novanm k ap vini la, yon mwa aprè dat ministè a te fikse a. 

Yon lekòl ki prevwa ouvri nan yon sitiyasyon eksepsyonèl avèk yon ratman gaz ki poko ka rezoud, ensekirite a k ap taye banda nan kat kwen peyi a, san konte lavi chè a ki mennen ak anpil nan mouvman sosyal ki òganize dènye mwa yo. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.