Sheila McCormick di li sipòte lide pou voye yon « fòs entèvansyon rapid » an Ayiti pou kwape gang yo 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
sheila mccormick di li sipòte lide pou voye yon fòs entèvansyon rapid an ayiti pou kwape gang yo 

Dimanch, reprezantan Florid nan Kongrè a, Sheila Cherfilus McCormick anonse li chanje pozisyon li sou deplwaman yon fòs etranje an Ayiti pou retabli sekirite nan peyi a.  

Vrèmanvre, apre li te patisipe nan yon reyinyon ak anbasadè divès peyi Nasyonzini yo, li te di li sipòte lide pou voye yon « fòs entèvansyon rapid » an Ayiti pou kwape gang yo. Malgre  anvan sa li te toujou di li kont lide  pou voye yon fòs etranje nan peyi a ak tout fòm okipasyon. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Dapre sa  Sheila Cherfilus McCormick, manm kongrè a ki fèt Ayiti di, li pran desizyon sa a apre rankont li ak anbasadè diferan peyi ki akredite nan Nasyonzini sou kriz ayisyen an.  Men, li di li toujou kont tout fòm okipasyon nan peyi a. 

Dapre pawòl reprezantan eli Florid la, « fòs entèvansyon rapid » sa a pral vin libere peyi a anba men gang  ak zam epi fè plas pou polis nasyonal la.   » Apre, yo pral bay èd imanitè nan lide pou atake pwoblèm imanitè an Ayiti  »  te presize Sheila Cherfilus McCormick, tout pandan li montre sitiyasyon an nan katye popilè yo kote timoun yo ap enskri nan gang.   

« Li nesesè pou anpeche timoun ki paka ale lekòl yo rantre nan gang, akòz yo ap fè fas ak yon gwo mizè « ,  te eksplike reprezantan eli Florid la, limenm ki fè konnen timoun yo reprezante 60 % manm gang an Ayiti. 

Daprè sa Depite a fè konnen, apre yo fin libere katye yo anba men gang yo, y ap mete yon pwogram pou reyentegre  timoun yo.  « Sa a se youn nan rezon ki fè  mwen sipòte fòs entèvansyon rapid sa a an Ayiti, » li te deklare. 

Men yon lòt bò, Manm Kongrè a te evite revele nenpòt dat pou deplwaman fòs entèvansyon rapid sa a.  « Nou dwe jwenn yon premye peyi ki dakò pran lidèchip fòs sa a », endike eli a,  tout pandan li di  « diskisyon yo ap kontinye ak Kanada nan direksyon sa a ». 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.